Blokaj Administratif Frape Peman Korektè Bakaloreya yo nan Depatman Nò

256
0
Share:
TRiboLAND

02/22/2026

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Gwo reta kontinye ap anrejistre nan peman korektè egzamen bakaloreya yo nan Depatman Nò a. Daprè Fritz Timo, Direktè Depatmantal Nò Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), DD Nò a pa responsab blokaj la, paske tout dokiman ki nesesè pou debloke pèman te deja konplete epi soumèt alè.

Selon enfòmasyon ki disponib yo, pwoblèm nan ta chita pito nan Direksyon Depatmantal Finans Nò a, kote gen kesyon chekye ki bloke pwosesis peman an. Jiskaprezan, se sèlman kat (4) jiri ki rive resevwa lajan yo, pandan plizyè lòt korektè toujou ap tann. Anplis de sa, payroll 9e Ane Fondamantal la poko finalize.

Sitiyasyon sa a pwovoke kòlè ak enkyetid lakay pwofesè yo. Sendika yo leve vwa yo kont reta repetitif sa yo chak ane, ki selon yo afekte gravman fonksyònman sistèm edikatif la epi demotive aktè kle nan pwosesis evalyasyon an. Yo mande otorite finansyè yo pran dispozisyon ijan pou regle blokaj la, pou respekte dwa travayè edikasyon yo epi garanti estabilite nan sektè a.

Share:

Leave a reply