Lise Louis Joseph Janvier nan Jan Rabèl nan yon move eta: elèv yo pwoteste atravè yon sitting

443

01/15/21

Jan Rabèl_____(TRiboLAND) Elèv lise Louis Joseph Janvier nan Jan Rabèl, depatman Nòdwès, òganize yon siting maten jeudi 14 janvye 2021 an, nan lakou enstitisyon an yo fason pou mande prezidan Jovenel Moïse kenbe pwomès li te fè yo pandan pasaj li nan Jan Rabèl kote li pwomèt konstriksyon yon batiman pou loje lise Louis Joseph Janvier ki kraze anmiyèt moso.

Elèv sa yo ki tap prezante yon tablo tris de lise a, plas kote ke yo jwenn pen lenstriksyon an, deklare manzè lapli pa bon pou lise a, ale wè pou mouche solèy. Lise a pa gen twalèt pou yo fè bezwen yo, pa gen ni pòt ni fenèt. Ban pou elèv yo chita anndan enstitisyon sa prèske pa egziste. Elèv yo mande pou otorite yo nan peyi a konstwi yon lise modèn nan Jan Rabèl avèk tout enfrastrikti tankou: yon laboratwa enfomatik,yon kafeterya ak yon teren foutbòl epi mete yon sèvis kantin ki kapab pèmèt elèv yo fè ti bat bouch chak maten.


Direktè lise Louis Joseph Janvier a, pwoofesè Délivrance Istelien, pa kache froustrasyon l devan eta malsèn lokal enstitisyon lap dirije a. Li mande pou pouvwa anplas la konstwi yon batiman modèn pou loje plis pase 6000 elèv ansuit nome pli pase yon ventèn pwofesè ak 9 tipèsonèl k ap bourike anndan enstitisyon sa a depi plis pase yon dizèn lane san touche yon goud nasyonal.

Finalman, elèv yo pwomèt pou pete baryè nan jou kap vini yo si tout fwa otorite yo pa ta lanse san pèditan konstriksyon lise Louis Joseph Janvier ki vrèman nan yon eta deploràb..

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.