Lameri pran yon arete pou entèdi gwo trailer ou kamyon pwa lou sikile nan vil la Tigwav avan 9 vè.

62
0
Share:
TRiboLAND

09 – 25 – 2026

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Lameri nan Tigwav pran yon kominike ofisyèl jounen jedi 24 septanm 2026 lan, pou entèdi gwo trailer ou kamyon pwa lou sikile nan vil la avan 9 vè nan maten.

Selon otorite yo nan lameri, yon parèy desizyon pran, se nan lide pou pwoteje elèv lekòl yo nan lari vil Tigwav. Lameri ki deklare apati piblikasyon kominike sa a, tout gwo trailer ou kamyon pwa lou k’ap soti sou wàf Tigwav la pa dwe sikile nan sant vil la, soti 6 zè pou rive 9 vè nan maten.

Nan sans sa a, lameri Tigwav konte sou kolaborasyon chak gren’n chofè, pwopriyete machin pwa lou ak itilizasyon wout yo pou respekte desizyon ki pran yo. Se prezidan katèl majistra enterimè meri a, Fedner Admirable Hilaire ki pase paraf anba kominike sila a.

Share:

Leave a reply