Sekretè jeneral Vizyon Ayisyèn Dwa Moun nan Tigwav denonse masak li di bandi yo fè sou sitwayen yo nan komin Kenskòf.

08 – 27 – 2026
Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Sekretè jeneral Vizyon Ayisyèn Dwa Moun (VHDH) nan komin Tigwav, mèt Romilus Jules, nan yon interview li akòde ak laprès mèkredi 26 dawout 2026 lan, denonse epi kondane masak bandi kriminèl yo fè sou sitwayèn ak sitwayen nan komin Kenskòf anba je lapolis.
Militan dwa moun nan, ki kritike chèf gouvènman defakto a, li di ki efòse li pou konvenk kominote entènasyonal la pou fè- l kwè lapolis Nasyonal Dayiti ap travay san pran souf pou retabli sekirite nan tout peyi a, patikilyèman nan komin Kenskòf epi òganize eleksyon onèt, kredib ak demokratik nan sosyete a.
Yon lòt kote, sekretè jeneral Vizyon Ayisyèn Dwa Moun lan nan Tigwav, mèt Romilus Jules deklare se chak jou sitiyasyon sekiritè a ap degrade piplis nan zòn Metwopolitèn Pòtopwens, Kenskòf, nan Sathe, Kafou, Gresye ak lòt rejyon nan peyi a. Mèt Romilus ajoute, li pa pèdi espwa e li espere wè yon lòt Ayiti posib pou chak gren’n ayisyen.






