Òganizasyon Lespwa Fanm Ayisyèn òganize yon konferans deba epi distribiye manje ak kit ijyenik bay prizonye yo nan Tigwav

1,607

11-26-2022

Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Responsab Lespwa Fanm Ayisyèn yo nan Tigwav, òganize yon konferans deba epi distribiye plizyè santèn pla cho ak kit ijyenik bay prizonye yo nan gran ak sou-komisarya a jounen vandredi 25 novann 2022 a, nan okazyon jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm ak tifi.

Nan okazyon an, se Mèt Daphné Datismé ki tap entèveni sou kesyon vyolans kap fèt sou fanm ak tifi yo, li preche paran yo pou yo konbat tout fòm vyolans kap fèt sou pitit yo. Mèt Daphné Datismé profite okazyon an egalman, pou kritike anpil nan paran yo, li di kap konstwi sèvant yo pou bouwo gason yo; pandan li presize se inegalite ant 2 seks yo ki lakòz gason ap leve men yo anpil sou fanm.

Aprè konferans deba a, dirijan Lespwa yo te pran wout gran ak sou-komisarya yo nan vil Tigwav pou prosede ak distribisyon plizyè santèn pla cho ak kit ijyenik pou prizonye yo nan prizon sivil la ki nan sitiyasyon difisil.

Selon responsab Lespwa yo, aktivite sa arive fèt jounen 25 novanm nan, se nan lide  pou akonpaye prizonye kap travèse anpil move moman nan selil yo. Dirijan yo ki deklare, yo konstate kondisyon vi prizonye yo komanse ameloyre gras ak bourad grese sere divès gwoup òganize nan sosyete sivil la nan dènye jou sa yo.

Nap raple, nan jou ki sot pase la yo, genyen anviron 8 prizonye ki pèdi lavi yo andedan prizon sivil Tigwav la akòz yon fenomèn grangou ki tap taye banda nan selil yo.

Dirijan òganizasyon Lespwa Fanm Ayisyèn yo remèsye UNHCR, madam Roseline Zamor, madam Girlberte Jean Louis ak madam Eunide ki te kolabore pou rann aktivite a posib.

JOICY Arnold.

Comments are closed.