Minis MTPTC a vizite plizyè rivyè nan komin Tigwav.

72
0
Share:
TRiboLAND

05 – 20 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Minis travo piblik, transpò ak kominikasyon (MTPTC) Almathe Pierre Louis, nan tèt yon delegasyon eskòte ak polisye. Vizite plizyè rivvyè nan komin Tigwav, pami yo, rivyè Kayiman, rivyè Ladig, rivyè Pwovans ak rivyè Samafè.

Selon minis lan, vizit sa a, rantre nan kad evalyasyon pwoblèm rivyè yo nan komin Tigwav. Responsab ministè travo piblik la, mesye Pierre Louis, pwomèt moun nan popilasyon Ladig ke gouvènman an ap leve tè ak alivyon yo ki sou wout Nasyonal nimewo 2 a ki lakoz gwo dega chak fwa lapli tonbe; mete sou sa, l’ap egalman antame pwosesi mete gabyon nan tou 2 bò rivyè yo epi fè tretman.

Nap fè remake, minis MTPTC a, Almathe Pierre Louis anonse lap vin mete yon 2èm biwo nan vil Tigwav, yon fason pou gouvènman an kapab pipwè sitwayèn ak sitwayen yo.

Share:

Leave a reply