Inivèsite UNISMA chante yon mès aksyon degras nan pawas legliz katolik Tigwav la.

08 – 19 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Administrasyon Inivèsite Intènasyonal Syans Modèn Aplike yo (UNISMA), chante yon mès aksyon degras tradisyonèl jodi mèkredi 19 dawout 2026 lan, nan pawas legliz katolik Tigwav la. Seremoni an te dewoule an prezans estaf administratif, estaf pèsonèl, kò pwofesoral la, etidyan yo, fanmi ak zanmi enstitisyon INISMA a.
Nan okazyon an, se reveran pè Junior Clebert Dorfeuille, vikè pawas legliz katolik Notre – Dame Tigwav la, ki te selebre mès aksyon degras sila a. Nan diskou li nan sikonstans lan, li salye estaf administratif la, kò pwofesoral la, estaf pèsonèl la elatriye…, pou detèminasyon yo ak angajman yo nan filyè edikasyon ki vital pou sosyete a.
Reveran pè Junior Clebert Dorfeille ki te preche nan yon fèy dewout ki genyen 4 pawòl kle:
1e) Premye pawòl (Sèvis)
2e) Dezyèm pawòl (konfyans)
3è) Twazyèm pawòl (Ekselans)
Mon pè ki fè konnen souvan, lè yon moun ap etidye, li soufri , li pase anpil mizè pou kont li epi lèl reyisi se pou tout moun.
Aprè mès la, estaf la te pran direksyon lokal Inivèsite UNISMA kote yo distrbiye pla cho ak anvlòp bay pòv yo epi fè yo benefisye swen medikal gratis nan yon anbyans ki respekte dinyite chak gren’n moun.






