Gwo lapli kap sekwe Gran Nò a kontinye ap fè dega san rete (mizajou)

1,790

03/06/2022

Pòdpè____(TRiboLAND) Apwè anpil sakad ak dega nan diferan rejyon nan Gran Nò peyi Dayiti ke aktivite lapli koze nan dènye 24 èd tan sa yo, depatman Nòdwès ak Latibonit konnen anpil fwàp, patikilyèman yon pon ke Twà Rivyè travèse nan Gwo Mòn ki relye wout Nòwès ak Latibonit ki te deja yon kochma. Konsa, TRiboLAND aprann avèk anpil tristès, inik pon sa ki fasilite kominikasyon ant 2 rejyon sa yo gen yon bon pati nan mitan li ki efondre.

Afè machin pwàl pran chans yo sou wout nasyonal numewo 5 lan, bliye bagay sa! Se yon lòt gwo kalamite pou moun Nòdwès antre nan kapital la.

Nap raple, yon lapli kap taye banda depi plizyè jou e inonde plizyè komin nan Gran Nò a pami yo : Lenbe, Kap Ayisyen, Pòdpè, Gwo Mòn pou nou site sa yo sèlman.

Comments are closed.