Pòdpè : Ajan Sante Kominotè Polivalan (ASCP) yo manifeste pou mande pi bon tretman ak nominasyon

73
0
Share:
TRiboLAND

08/03/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè santèn Ajan Sante Kominotè Polivalan (ASCP) nan depatman Nòdwès la desann nan lari jodi lendi 3 dawout 2026 la pou mande Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Sinal Bertrand, amelyore kondisyon travay yo epi regilarize sitiyasyon yo atravè nominasyon.

Manifestan yo, ki te rasanble nan lokal Lise Tertulien Guilbaud nan vil Pòdpè, te pran direksyon zòn Lakoup pou rive devan lokal Direksyon Sanitè Nòdwès la, kote yo te fè tande revandikasyon yo.

Nan deklarasyon yo, ASCP yo fè konnen yo reprezante yon poto mitan nan sistèm sante a, paske yo toujou sou teren an pou akonpaye popilasyon an, sitou moun k ap viv ak maladi tankou tibèkiloz ak VIH/Sida, ansanm ak lòt sèvis prevansyon ak swivi medikal.

Yo fè remake, kit se anba gwo solèy, kit se anba lapli, yo toujou deplase nan tout kwen depatman an pou pote swen ak sèvis bay kominote yo. Daprè yo, malgre enpòtans travay y ap fè a, yo pa janm jwenn rekonesans ak avantaj yo merite.

Ajan sante yo, ki di yo anviwon 500 nan depatman Nòdwès la, mande Minis Sinal Bertrand pou pran dispozisyon konkrè pou amelyore kondisyon travay yo epi ba yo nominasyon san patipri.

Yo lanse yon avètisman tou kont nenpòt tantativ favoritism nan pwosesis la. Dapre yo, si nominasyon yo fèt, yo dwe fèt avèk transparans, san yo pa favorize kèk moun sou baz relasyon pèsonèl oswa politik, pandan lòt ajan ki travay depi lontan ta rete sou kote.

Pou fini, manifestan yo fè konnen yo pap lage batay la fasil. Yo avèti Minis Sante Piblik la ke, si pa gen repons konkrè ak satisfaksyon pou revandikasyon yo, yo pare pou kontinye mobilizasyon yo epi rete sou beton an jouk lè otorite yo pran mezi ki nesesè.

Share:

Leave a reply