Ansyen Premye Minis Kanada-a, Kim Campbell deklare ke li ta swete wè Dorian fwape plat atè residans Trump lan nan Mar-a-Lago nan West Palm Beach, Florid

0 486

Ansyen Premye Minis Kanada-a, Kim Campbell deklare ke li ta swete wè Dorian kraze residans Trump lan nan Mar-a-Lago nan West Palm Beach, Florid

Ansyen Premye Minis Kanada-a, Kim Campbell nan yon twit deklare ke li ta swete wè ke grenn je syklònn Dorian an ta lage plat atè gwo rezidans byen chè Pwezidan Trump lan, swadizan yon Maison Blanche pou sezon Livè ki nan Mar-a-Largo, nan West Palm Beach, Florid.

“Mwen ta renmen aplodi pou Mar-a-Lago resevwa yon bon fwap dirèk”, dapwè yon twit ansyen premye minis lan fè ayè Jedi-a 29 Dawou 2019 la. Siklònn Dorian petèt ap gentan devni yon siklònn kategori 5 lè lap blayi Lendi pwochen sou Florid. Dènye pwojeksyon metewolojik yo pwevwa ke West Palm Beach plase sou pakou siklònn nan, men jiska pwezan pèsònn moun pa konnen ki kote egzak lap fwape.

Apwè twit sa ki fè anpil kritik, disnevyèm premye minis Kanada-a pou mwens pase senk mwa nan lane 1993, te oblije pwezante eskiz pou eksè langaj la.

Sepandan, ayè Jedi 29 Dawou 2019 la, Pwezidan Trump anile yon vwayaj pou-l te fè nan peyi Polònn. Li pwefere voye nan plas li vis-pwezidan Mike Pence yon fason pou li kapab swiv demakaj siklònn Dorian.

Leave A Reply