Plizyè fanmiy pa konnen ki sen po yo rele, apwè dife ravaje 3 tikay bataklan yo

328
0
Share:
TRiboLAND

12/05/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Lavi toujou egzije yon plan ki kapab pèmèt ou rezizte fàs ak advèsite; sepandan, sa leta ap remèt nan peyi Dayiti depi yon latriye deseni, se yon veritab “kochma”, “lawont” ou “dràm sivilizasyon”. Pasivite yon parèy leta koupyon ak politized, okazyone oken sitwàyen pa kapab pase swàf yo nan lavi mizèrere. Konsa, bawomèt povwete a pa sispann moute bwà nan posti leta aloufa ak initil la ki konplis nan maswife ou kalvè popilasyon ayisyèn nan chak jou Bondye mete.

Plizyè fanmiy ki te deja ap viv nan malsite, san asistans sosyàl menm pou yon joune sèlman nan yon ane, pa konnen ki sen pou yo rele fàs ak yon dife devoran ki ravaje yon ti ajoupa bidonvilize nan swàre samdi 4 desanm 2021 an vè 7 è pou rive 8 è nan Fatima, zòn “Lakoup” nan komin Pòdpè.

Enfòmasyon yo fè eta de yon balèn ke youn nan kay yo tap itilize nan jere blackout ak yon lòsyè ekleraj ta alabaz yon ensandi ki lage pwèske twà fanmiy debwà balanse. Youn nan kay yo bwile rapye tè, alòske de lòt flanbe an malmakak subi anpil domaj mare senti.

Fanmiy yo nan swàre a tap kriye dlo nan je nan mitan yon veritab tchanpan kote kakas ak debwi ansandi tap batay ak yon gwo lapli ki ta pwàl baleye sèn ansidan dan an. Sinistre ou san abwi” ki anba gwo flanm dife sikolojik, pat ezite ekspwime tribilasyon yo atravè repòtè TRiboLAND via krediimaj Lakoup, yon fason pou lanse yon SOS bouràd (tòl, klou, siman, fè, sab ak bwà) a tout sa yo ki genyen monopòl materyèl pwosperite e ki kwè egalman nan dinyite ak envèsti nan potansyalite moun.

Share:

Leave a reply