Agwonòm Gary Aliance chita pale ak peyizan yo nan seksyon kominal Kap Wouj nan komin Jakmèl.

143
0
Share:
TRiboLAND

08 – 03 – 2026

Jakmèl, Ayiti _____ (TRiboLAND) Agwonòm Gary Aliance chita pale pandan 2 jou soti samdi 01 pou rive dimanch 02 dawout 2026 lan ak peyizan yo nan seksyon kominal Kap Wouj nan Jakmèl depatman Sidès peyi a.

Selon agwonòm Gary Aliance, chita pale sa a, te fèt sou enpòtans pye bwa nan yon kominote, kesyon ekoloji nan moman siklonik yo; mityèl solidarite kòm solisyon pou konbat difikilte ekonomik yo, ak aji nan tèt kole pou fè lajan.

Teknisyen agrikòl la ki deklare ke peyizan yo rapòte li ke yap fè fas kare ak pwoblèm tout kalite nan seksyon kominal la; bay peyizan yo garanti ke li pap jam lage yo. Li esplike se yon misyon li genyen pou ankadre abitan yo pou yon bon tranfòmasyon kominotè.

Peyizan yo sou bò pa yo, deklare yo kontan wè agwonòm Gary Aliance nan kad brase lide sila, pou bèl pawòl li pataje avèk yo, san konte echanj ki pral pèmèt yo batay pou chanje kondisyon lavi yo.

Share:

Leave a reply