Fowòm Sendika Travayè ak Transpòtè Nòdwès selebre 20 lane egzistans li

189
0
Share:
TRiboLAND

08/03/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Fowòm Sendika Travayè ak Transpòtè Nòdwès (FSTTNO) selebre 20yèm anivèsè li yè dimanch 2 dawout 2026, pandan yon seremoni ki te fèt nan lokal sendika a, ki chita nab Ri D. Estimé, toupre Mache an Fè nan vil Pòdpè.

Selebrasyon sa a te rasanble plizyè manm sendika yo, responsab transpò, travayè ak envite espesyal ki te vin make de (2) deseni angajman òganizasyon an nan defann dwa travayè ak amelyore kondisyon sektè transpò a nan depatman Nòdwès la.

Prezidan FSTTNO a, Marcel Similien, salye tout moun ki te patisipe nan aktivite a. Li souliye enpòtans solidarite ant sendika yo epi li reyafime detèminasyon òganizasyon an pou kontinye travay nan enterè chofè, transpòtè ak tout travayè yo.

Sekretè Jeneral la, Ilric Augustave, fè yon bilan sou chemen fowòm nan depi kreyasyon li. Li mete aksan sou batay ki deja mennen yo, rezilta ki jwenn yo, ansanm ak defi ki rete pou amelyore kondisyon lavi ak travay manm yo.

20yèm anivèsè FSTTNO a te sèvi kòm yon moman refleksyon sou wòl sendika yo nan sosyete a, pandan responsab yo renouvle angajman yo pou kontinye batay pou plis respè dwa travayè yo, pi bon kondisyon travay ak yon sektè transpò ki pi òganize nan Nòdwès la.

Share:

Leave a reply