Espsa Refleksyon, Rechèch ak Aksyon (ERRA), òganize “4e Edisyon Jounen Liv” nan Nòdwès

371

04/19/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Se jounen dimanch 18 avril 2021 an, Espas Refleksyon , Rechèch ak Aksyon (ERRA) , òganize “4èm Edisyon Jounen Liv”, nan Metwopòl Nòdwès la nan lokal Inivèsite Valparezo, nan entansyon pwofesè, elèv, etidyan kote divès ekriven Nòdwès ak rès peyi a te reponn prezan pou fè Vant Siyati ak etalaj yon seri bèl zouti literè nan okazyon an.

Inisyatè espas kiltirèl la ki se Pwofesè Michel Fednel, te gen chans rankontre ak TRiboLAND nan yon ti bat bouch; li deklare se pandemi Covid-19 la ki koz li sou 4èm edisyon l puiske se yon espas kiltirèl ki kreye depi nan lane 2016.
ERRA, selon Pwofesè Michel se yon espas ki kreye pou fè pwomosyon pou moun rive konn li puiske gen yon karans nan zafè lekti depi nan klas primè pou rive nan klas Inivèsite atravè sosyete ayisyèn nan.

ERRA, nan sousi pou fè timoun lekòl yo familyarize yo ak kesyon lekti, ap chèche lage liv anba ponyèt timoun lekòl sa yo, non sèlman pou yo fè lekti men tou pou yo rive fè konesans oswa pran kontak ak otè yo. Se Pou tout rezon sa yo, nan kad “Jounen Liv”, aktivite yo rive reyalize pa panèl. Chak panèl, gen anndan l 3 lekòl e chak lekòl gen yon reprezantan; alòske bòkote Inivèsite yo se yon sèl etidyan ki reprezante yo ki pou al fè konesans ak otè liv yo. Konsa, yo ap vin bay piblik la oswa envite yo kontrandi sou otè sa yo, toujou selon pwofesè Michel Fednel ki t ap depoze nan mikwo TRiboLAND.

Elèv, pwofesè, etidyan ki te reponn prezan anndan aktivite “Jounen Liv” dimanch l8 Avril 2021 an, te fè konesans ak plizyè otè Nòdwès ak rès peyi a; pami yo nou kapab site:
Léconte Loriama K., yon elèv k ap fè Nouvo Segondè IV nan Institution Notre Dame du Perpétuel Secours, nan vil Pòdepè. Li ekri yon liv ki gen pou tit “La réalité de la vie”. Rév. Pasteur, Théologien, Chélet Norélien, li ekri yon liv ki pote non “Covid-19, Dieu au Secours d’Haïti”. Pwofesè Casséus Luckner ekri 2 liv ki chita sou: Prefas -Infini et Le métier de l’élève. Pwofesè Josué Mérilien, nan Initiation à la Citoyenneté/Enjeux et Perspectives,….Pou n site sa yo sèlman. Etidyan yo, elèv yo sitou pwomèt pou yo pa rete sèlman ap pase tan yo nan telefòn men pito nan liv pou yo sa vin gran entèlektwèl demen.

Otè sa yo ki te patisipe nan “Jounen Liv” ak Vant Siyati yo, ankouraje elèv, etidyan tankou pwofesè pou yo achte liv yo paske nan yo y ap jwenn kichòy pou meble lespri yo.

Inisyatè aktivite “Jounen Liv”, dimanch 18 Avril 2021 an, Pwofesè Michel Fednel fini pou l di ke genyen plis pase yon ventèn etablisman Segondè melanje ak Inivèsite atravè depatman Nòdwès la ki te patisipe aktivman nan yon parèy anbyans literè. Randevou kase pou mwa Mas 2021! ERRA swete wè tout elèv ou etidyan pran liv yo kòm chwàl batay yo pou rive genyen yon lòt jenès, yon lòt dirijan ak yon lòt peyi.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.