Pòdpe ekonomi : Fèm M.E.Y.Y.J.E.C.S S.A ki nan Obè ap byen pase nan mwens ke yon lane nan domèn agwikilti ak elvaj

07/26/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Fèm Pòsin et Pisikòl M.E.Y.Y.J.E.C.S S.A, ki gen nan tèt li Pasteur Ernsy Charles, ansanm ak Wilner Charles ak tout yon ekip angaje, ki lokalize nan Obè kontinye bay yon bèl egzanp sou sa detèminasyon ak bon jesyon kapab reyalize nan domèn elvaj. Kòmanse nan mwa out 2025 ak sèlman 4 kochon, fèm nan rive genyen anviwon 45 kochon nan mwa jiyè 2026, yon pwogrè ki montre vizyon ak travay serye kapab pote bon rezilta.
Siksè sa a se pa yon aza. Dèyè kwasans fèm nan gen anpil sakrifis, swivi regilye ak bon planifikasyon. Anplis elvaj kochon, responsab yo gen vizyon pou devlope lòt aktivite agrikòl ak pisikòl, ak objektif pou kontribye nan pwodiksyon nasyonal, kreye opòtinite travay epi ankouraje plis moun antre nan sektè agrikòl la.
Pou Pasteur Ernsy Charles, agrikilti ak elvaj se youn nan pi bon zouti pou ede devlope Ayiti. Li lanse yon apèl bay jèn yo, fanmi yo ak tout moun ki vle envesti pou yo enterese nan sektè sa a, paske selon li, se lè peyi a pwodwi plis li kapab diminye depandans li epi kreye plis richès pou kominote yo. Li kwè avni Ayiti dwe bati sou travay, pwodiksyon ak antreprenarya.






