Yon moso dal beton tonbe sou tèt yon elèv Lise Justin Lherisson nan komin Ansafolè

817

04 – 24 – 2024

Ansafolè, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon moso dal beton tonbe sou tèt yon elèv Lise Justin Lherisson, ki trouve-l nan komin Ansafolè, jounen madi 23 avril 2024 la. Demwazèl ki tap bay anpil san te oblije al pran swen nan yon sant sante.

Espas ki loje Lise a, konstwi depi nan lane 1979. Depi kèk jou plafon dal klas yo toujou ap dekapote tonbe atè. Sa toujou make gwo danje ak kreye laperèz bò kote elèv ak anseyan kap veye pou moso dal pa tonbe sou tèt yo.

Daprè divès elèv ki tap manifeste mekontantman yo aprè ensidan sa, se te dènye gout dlo pou ranvèse vaz la. Elèv yo mande pou responsab yo fèmen lekòl la, yon fason pou amenaje espas la, oubyen mete yo nan yon lòt kote paske lavi yo andanje. ‎

Comments are closed.