Yon lòt fwa ankò, yon moun arive tonbe anba bal sekirite Majistra rekondwi, Josue Alusma nan vil Pòdpè

01/10/21
Pòdpè______(TRiboLAND) Laguerre Jephte alyas G-One, yon jèn gason 32 lane mouri anba bal sekirite Majistra Pòdpè a, Josué Alusma jodi dimanch 10 janvye 2021 an nan site Kapwa Lamò a tou prè yon ponp gazolin “Shell”.
Daprè enfomasyon ke TRiboLAND te arive rekeyi sou plas nan bouch fanmiy viktim nan ak kèk lòt temwen nan popilasyon an, fè kwè se nan moman otorite Meri Pòdpè yo ap kwape machann kap fè mache nwa nan vann gaz atè, ajan sekirite majistra a estomake e tire direkteman a wotè dòm, ki lakoz ki se yon machan egalman arive resevwa yon bal bò lenn li.
Gen lòt vèsyon ki vle fè kwè, ke se nan echanj kout zam, Jephte, timoun ki leve nan riyèl Lassainte nan Pòdpè arive pran yon bàl; otorite mèri yo ta menm deklare ke te genyen plizyè nan machan sa yo ki tap reposte ak kout zam. Antouka, sa pa nouvo avèk otorite meri Pòdpè a ki toujou enplike nan plizyè krim ou fuziyàd ki endinye popilasyon an.

Se pa nouvo! Se pa youn, se pa 2, se pa 3, sa se yon lòt yèm krim ki konekte yon fwa ankò ajan egzekitif enterimè ke Jovenel Moise te rekondwi a, Josué Alusma. Ki lòt eskiz ankò popilasyon an pràl bwè fwa sa nan men lotè yo ak group moun ki toujou devan pou jistifye aksyon mòtèl sa yo ki toujou enplike non yon sèl moun “Josué Alusma?”
Nap raple, sa pa genyen 2 mwa depi ke Josué Alusma te fè menas pou fuziye yon moun nan komin Jan Rabèl.
Kouri lopital avèk Jephte, li te gentan trò ta! Li mouri selon fanmiy lan nan lopital la, yon ti tan aprè li te apènn rive. Jephte se pitit dèfen Serge Laguerre, yon animatè Radyo byen konu e respekte nan vil Pòdpè. Li kite dèyè 3 ti inosan ak yon madanm ki gro vant!






