Jakmèl mobilize kont fatra: Nouvo Komisyon Minisipal la lanse yon gwo konbit pou mete vil la pwòp

TRiboLAND.com
Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Lamèri nan Jakmèl lanse koukouwouj kont fatra, de (2) jou sèlman aprè enstalasyon li, nouvo Komisyon Minisipal Jakmèl la pase nan aksyon. Dimanch 26 jiyè 2026 la, Mèri a òganize yon gwo konbit netwayaj atravè plizyè katye nan vil la pou konbat akimilasyon fatra epi retabli pwòpte nan komin nan.
Anpil sitwayen, jèn, òganizasyon kominotè ak ajan minisipal reponn prezan pou mete men ansanm nan ranmase fatra nan lari yo ak nan espas piblik yo. Inisyativ sa a montre volonte nouvo administrasyon an pou enplike popilasyon an nan efò pou amelyore anviwònman vil la epi ankouraje bon jan jesyon sanitasyon.
Nan diskou enstalasyon li, Majistra Marceau te fè konnen pwòpte se youn nan pi gwo priyorite administrasyon li a. Konbit sa a se premye gwo aksyon ekip la poze pou tradwi angajman sa a an reyalite. Responsab minisipal yo lanse yon apèl bay tout sitwayen pou kontinye kolabore, evite jete fatra nenpòt kote, epi ede fè Jakmèl tounen yon vil ki pi pwòp, pi bèl ak pi akeyan.






