Jij Fortunat poze sele sou konpayi Assurance Rapide SA (ARSA)

339
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Jij Jean Baptiste Fortunat poze sele sou lokal konpayi “Assurance Rapide SA (ARSA), jodi madi 24 jen 2025 lan, epi mete tout bataklan travay konpayi a deyò.

Daprè enfòmasyon, ta sanble depi kèk mwa mèt lokal la te deja avèti responsab konpayi a, yo pap renouvle kontra ak yo. Responsab yo finalman pran twòp tan, sa vin pèmèt responsab yo pran chimen Lajistis jiskaske yo aji.

Se pa premye fwa konpayi ARSA ak mèt lokal nan katchouboumbe, e se pa premye fwa tou Lajistis poze sele sou lokal ki loje konpayi sila ki ta sanble ap pran lanm.

Daprè Epnewstv 2.0, gen plizyè anplaye konpayi sila ki toujou ap plenyen di yo pa janm touche pou travay yo fè, e gen nan yo ki ta menm pote plent devan Lajistis kont ARSA ki an difikilte.

Share:

Leave a reply