Me 4 avantaj pou moun ki itilize lwil zonyon pou cheve

0 624

(TRiboLAND) Zonyon pa sèlman bon pou manje, men li bon tou pou sante ak bote moun! Dayè apil sekrè bote twouve yo nan yon seri engredyan natirèl tankou zonyon, jenjanm, diri e lalwa ke ou kapab fasil jwenn nan kwizinn ou.

Malgre anpil moun pa konfòtab nan itilize zonyon paske li genyen yon sant silfirik ki trè fò, sepandan li se yon bon trik pou tretman cheve. Me kèk benefis ekstrawòdinè yon moun kapab jwenn lè li kòmanse fè eksperyans avèk zonyon pou bezwen cheve l.

Zonyon pwomote grandisman cheve moun

Lwil zonyon ede moun materialize rèv cheve founi yo trè rapid. Li se yon veritab stimilan pou konbat kap nan cheve akoz pwopwiyete silfirik li ki fasilite sikilasyon san. Konsa, stimilasyon pou chase kap nan cheve a bon anpil pou ranfòse volim ak epesè cheve e menm ba li plis alonj.

Li anpeche ou genyen cheve blanch avan lè

Si pli ak rid sou po kò moun detèmine vyeyès, se menm bagay tou lè moun kòmanse genyen cheve blanch. Anpil fwa, vyeyès twò bonè gen pou wè avèk jenetik, strès ak move abitid tankou fimen. Zonyon kapab pwevni yon bagay konsa rive sitou lè li ponpe anti-oksid ak flavonoyid nan kap ki nan tèt la. An jeneral, lwil zonyon se pi bon pwodwi ki bay cheve sante. Li ede balanse pH ki nan kap nan cheve a ki kenbe tèt la bèl e an sante tout tan.

Li anpeche cheve yo kase ou tonbe

Genyen yon sèten dispozisyon natirèl nan cheve pou li tonbe ou kase; sa rele alopesya, chit cheve oubyen tèt bòl (bald) ki okazyone lè cheve ap tonbe. Pa gen pi bon remèd pase lwil zonyon; li genyen yon seri vitamin ki bon pou cheve w tankou B6 e anpil mineral ki kapab anpeche cheve w kase. Li genyen egalman keratenn ki se kle pou cheve ki fèm.

Zonyon bon pou enfeksyon tou

Kap nan tèt kapab yon teren ki kapab atire mikwòb oubyen pyas ki ka koz enfeksyon. Jèm mikwòb sa yo kapak bouche twou mikwoskopik yo ki sou po kò a ki ka anpeche cheve a grandi kòrèkteman. Otomatikman enfeksyon an rive, kap yo venn twò di e yo difisil pou geri. E wap venn rive nan yon sitiyasyon kote ke ou oblije kale tèt la nèt si li dejenere. Lwil zonyon gen anpil anti-mikwòb ladan l ki pwevni oubyen trete yon seri kondisyon tankou pyas. Li bon tou pou moun ki gen pou nan cheve yo; e gwo sant silfirik sa chase tout ti bèt vèmenn. Lè ou rache zonyon e ou plase li nan diferan kwen nan yon kay ou yon chanm ke ou sispèk ki enfekte ak yon viris kèlkonk, wap sezi wè kòman lap pirifye espas la apwè 2 jou.

Me kèk fason ou kapab pwepare lwil zonyon:

  • Rache, graje, tchake ou blende zonyon jiskaske li kapab bay dlo (atansyon, lap fè zye w fè dlo akoz silfir li genyen an).
  • Lè ou fini koule nan paswa zonyon an, melanje dlo zonyon an ak lwil kokoye oubyen lwil doliv. Ou ka melanje li avèk nenpòt kalite lwil, san depan de chwa ou.
  • Pase lwil la nan po tèt ou e kite li pou 30 minit avan ou shampoo tèt ou (sèlman lè wap lave tèt ou).
  • Si sant lwil zonyon an twò fò ou kapab ajoute de ou twa konn gout lwil sitwon oubyen lwil lavand.
Leave A Reply