Lapolis nan Pòdpè desanm 2 pwezume bandi nan moman echanj kout zàm nan zòn Nan Chalè

07/24/2021
Pòdpè_______(TRiboLAND) Li te pènn 8 è aswè a ki samdi 24 jwiyè a nan vil Pòdpè, patikilyèman nan zòn Nan Chalè, lòske 2 bandi ki te nan yon fè nwà tou pwe Master Toyota, arive tire sou lapolis ki tap fè patwouy tou pwe kote sitwàyen yo toujou anbake nan chaloup pou travèse Latòti.
Yon sous otorize konfime TRiboLAND ke bandi yo ki te nan twoke kout zàm ak lapolis arive tonbe. Yo jwen yon 9 mm sou youn nan yo, alòske lòt la te kouri jete nan raje zàm li avan li te trepase. Bandi yo, selon lapolis pat genyen oken idantifikasyon sou yo; sepandan, dapwè otorite ta sanble genyen youn ladan yo ki genyen apepwè yon semèn depi li soti nan pwizon.
Konsa, ajan lòd yo pat pran tan pou te alète jij titulè Paul Blanc pou konsta legal kadav yo ki tap benyen nan san. Otorite jidisyè yo fè leve e transpòte pwezime bandi yo nan mòg Lopital Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè.






