Marie Rene, peyizan nan 9vyème seksyon kominal Jeremi, rete kwè travay latè se solisyon peyi Dayiti

07 – 26- 2026
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Marie Rene se yon peyizan kap viv nan nevyèm seksyon kominal komin Jeremi. Daprè sa li deKlare bay TRiboLAND.com, se ak travay late li arrive batay ak lavi a.
Marie esplike se chak jou ki jou, li oblije pakouri ak yon ti bourik, plis pase senk kilomèt wout pou li al boske lavi. Bourik sila, ke li konsidere kòm yon endistri anbilan, fasilite li transpòte pwodwi agrikòl nan mache nan bon tan ou nan move tan.
Daprè Marie Rene, aktivite kotidyèn sila ke lap mennen depi yon bon bout tan, fasilite li pwan swen tèt li ak fanmi li, sitou nan ka maladi ak edikasyon yon latriye ti moun. Peyizan an ale pi lwen, pou ankouraje, ti machann kap viv nan milye riral, fanm kou gason pa gade sou asistans imanitè òganizasyon non gouvènmantal ak leta kap fè foulay nan fè pwomès po pistach.
Marie rete kwè ke èd asistans ONG ap kenbe yo an notaj ak depandans etènèl; lap retire tout lib abit ak lanmou pou travay latè ki se sekrè lavi. Asistans manje sinistre pap rezoud pwoblèm peyizan ayisyen; li plis ap detri pwodiksyon nasyonal lan e bay lokal pwiyorite.
Antouka madam Rene bay tèt li misyon pou ankouraje tout moun nan mòn kou lavil, pou travay latè. Solisyon pwoblèm manje yon peyi chita nan fason leta ak sitwayen yo valorize e kiltive latè.






