Peyizan nan zòn Pitobè monte zouti yo e rekòmanse sekle tè Kodevi pran nan men yo a

869

07-10-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Byen bonè maten lendi 10 jiyè 2023 a, yon gwoup peyizan ki pa deside kite tè Pitobè a pou Kodevi, pran zouti yo pou yo sakle e plante jaden yo.

Latriye peyizan sa yo ki te genyen manchèt, wou nan men yo, tap chante e sekle anba gro kout bagèt tanbou. Nan deklarasyon divès nan yo fè, yo fè konnen Kodevi te kraze jaden yo, kote yap mande sekou leta ayisyen pou vin ba yo ankadreman pou yo kapab kontinye fè jaden.

Sèten lèzòt menm ta fè kwè yo pap kite espas la pou Kodevi, paske yo pa ka mete vant yo sèlman sou espwa Sendomeng.

Nap raple te genyen divès konstriksyon ki deja fèt sou tè sila, dirijan nan pak endistriyèl la te pase lòd pou kraze yo.



Comments are closed.