Konsèy dapwi pou devlopman (Conado): divès sitwayen reyaji

1,886

07-23-2022

Wanament, Ayiti ____(TRIboLAND) Reyaksyon yo pa sispann tonbe touswit aprè enstalasyon yon komite administrasyon CODEVI ki pote non CONADO.

Nan yon mikro twotwa Media en liy reyalize jedi 21 ak vandredi 22 jiyè 2022 a nan komin Wanament, plizyè sitwayen montre dout yo genyen fas a CONADO a, sitou lè yo konsidere 66 kawo tè peyizan CODEVI ap chèche pou mete anba men yo a. Gen kèk sitwayen ki kwè nan komite a pandan yo ankouraje popilasyon an bay CODEVI ak CONADO yon titan pou n kap wè sa yo pral regle.

Genyen kèk sitwayen ki estime ke fwa sa se tròp atò, si se konsa CODEVI achte Wanament ak lajan kontan, nou sèmante nap fwape pye nou atè, e nou mande leta ayisyen retire kò l nan desizyon briganday sa paske sa ki te pase premye fwa a pap pase ankò.

Anpil bèl promès fèt depi nan plantasyon pak la, sa gen anviron 20 lane, konsta yo montre pa gen anyen ki fèt kòm devlopman pou komin lan, konnya se mannèv k’ap fèt pou pran tè peyizan yo. CONADO, se yon estrateji byen monte yon fason pou arive pran kanal irigasyon an, daprè kèk reyaksyon.

CONADO (Conseil d’appui aux développements) ki enstale nan jou ki sot pase la yo nan lakou Wanament.

Jn Simon Manex

Comments are closed.