Dram nan Jeremi : Marck Arthus Pompe reklame jistis ak reparasyon pou pitit gason ki tonbe anba bal.

77
0
Share:
TRiboLAND

07 – 25 – 2926

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Marck Arthus Pompe denonse enspektè polis Paul Emond, ki fè pati inite depatmantal mentyen lòd (UDMOGA) nan lanmò Pierre Stanley ki rive nan moman li te pwosede ak arestasyon jèn gason an.

Selon dènye enfòmasyon yo kap sikile, se yon diskisyon ki te genyen anviwon 3 mwa ant enspektè Paul avèk yon lòt endividi. Konsa, Paul ki te besewn arete annafè a, te debake an chango pou pwosede ak arestasyon endividi nan aswè nan moman yon group mizikal tap mete animasyon nan yon veye mòtyè.

Konsa, gwo deblozaj te pete nan mitan yon gwoup moun ki te kanpe ankwa kont arestasyon chanpyèl endividi a. Se konsa, enspektè Paul Edmond ta sanble pèdi bonnanj li, rale zam e tire sou plizyè moun. Kidonk, genyen 2 moun ki pwan bal, pami yo se Pierre Estanley Pompe, 25 lane ki al mouri sou kabann lopital Sentantwann nan Jeremi. Sila ki blese a, trouve li jounen jodi a ap pran swen nan yon lopital nan vil Okay.

Nap raple, enspektè Paul Edmond trouve li nan izolman anba gro dispozitif konsèvatwa, alòske moun li te bezwen arete pa genyen absoliman anyen, sinon ke li nan men lapolis. Fas ak yon parèy sitiyasyon meli melo, Marc Arthus Pompe ki enkonsolab ap klewonnen jistis pou pitit li Pierre Stanley ki disparèt anba kout zam kriminèl sangwen kap vide pitit Bondye atè anba kouvèti lapolis.

Share:

Leave a reply