“Mouvman Peyizan Papay” plede anfavè agwoekoloji, nan okazyon Jounen Entènasyonal Biyodivèsite a

925

Agwoekoloji peyizan, se sèl mwayen poun pwoteje Biyodivèsite a.

05-22-2023

Ench, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki rann piblik sou kont Facebook ofisyèl “Mouvman Peyizan Papay” jounen lendi 22 Me 2023 a, nan okazyon Jounen Entènasyonal Biyodivèsite a, manm kap jere direksyon mouvman sila, plede anfavè metòd agwoekoloji pou peyizan yo; konsa, mouvman an rete kwè, se sèl mwayen ou byen altènativ ki kapab ede pèp ayisyen an pwoteje anviwònman an, epi pwodwi pi bon manje.

Itilize kaka bèt yo, feyaj pye bwa yo, konpòs ak fimye se plizyè eleman ki kapab ede nou nan batay agwoekoloji a. Pou yo menm nan MPP, metòd agwoekoloji a kapab sove tè yo pou bay plis manje, pye bwa yo, zannimo kap viv sou tè ak anba dlo, san konte kretyen vivan yo.

Plede anfavè yon lòt fòm agrikilti kap kenbe anviwònman an plis djanm, Mouvman Peyizan Papay mande Leta ayisyen sispann pyetine systèm agrikòl la, men pito, bal plis jarèt, konsa peyizan yo ap kapab pwodwi plis manje.

Comments are closed.