Ansyen kòdonatè asèk nan 12èm seksyon kominal Tigwav, denonse yon fenomèn grangou kap balewouze anndan kay peyizan yo.

983

01-17-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen kòdonatè asèk nan 12èm seksyon kominal Tigwav, Jean Wilfrid Baptichon nan yon entèvyou ak jounalis jounen lendi 16 janvye 2023, pa mete dlo nan bouch li pou l denonse grangou kap maltrete peyizan yo nan dènye jou sa yo.

Jean Wilfrid Baptichon ki di abitan yo pa konnen ki sen pou yo adrese devan grangou sila, li di kap koupe souf malere ak malèrez. Selon dirijan an, peyizan yo pa fè rekòt; ti sa yo jwen nan pa menm ase pou yo manje alewè pou ta jwen pou vann.

Diri, farin, mayimoulen, espageti, lwil, sik elatriye pri yo triple sou mache yo. Se prèske nan dòmi pou moun wè prodwi sa yo, paske pa genyen lajan pou achete yo. Kesyon vyann ou pwason, malere pa ka pwoche; me te sou sa, gwo la fyèv grip kap frape abitan yo, sa ki vin plis konplike sitiyasyon yo daprè eks kòdonatè asèk la.

Siwayen Baptichon mande chèf gouvènman defakto Ariel Henry a, pou sibvansyone moun kap enpòte manje nan peyi a prese -prese, yon fason pou evite moun mouri anba yon grangou ak malnitrisyon.

JOICY Arnold

Comments are closed.