Aksidan sikilasyon : Yon poto elektrik tonbe sou yon kamyonèt sou Wout 3 Men an, anfas SONAPI

07/10/2026
Pòtopwens, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon ensidan pase sou Wout 3 Men an, anfas SONAPI, kote yon poto elektrik tonbe sou yon kamyonèt ki te estasyone pandan y ap chaje l. Daprè premye enfòmasyon ki disponib yo, gwo poto a tonbe dirèkteman sou machin nan, sa ki okazyone gwo domaj materyèl.
Selon temwayaj kèk moun ki te sou plas ak zenyè ki renmen wè, chofè kamyonèt la pa t sou machin nan lè ensidan an te rive. Sitiyasyon sa a sanble te evite yon trajedi ki te ka lakoz kriye ak mare senti.
Apre ensidan an, anpil moun te rasanble sou plas la pou konstate sa ki te pase, pandan yo t ap mande otorite konsène yo pran mezi pou verifye eta lòt poto elektrik yo, yon fason pou evite lòt aksidan menm jan an. Yo ankouraje tout chofè ak pyeton rete vijilan lè y ap sikile nan zòn nan.






