Fakilte Agwonomi ak Medsen Veterinè (FAMV) kankannen a mwatye

358

Pòtopwens____(TRiboLAND) Yon bò nan lokal Fakilte Agwonomi ak Medsenn Veterinè Inivèsite Deta Dayiti a pran dife ant lanwit samdi ki te 20 jwen pou rive dimanch 21 jwen 2020. Dapwè sa dwayen fakilte a ki se Jocelyn Louissaint rapòte. Anatandan envèstigasyon yo doubout pou chèche orijinn dife a, dega yo pa piti!

Sal pou pwezantasyon memwa etidyan, biwo pwofesè ak espas sekretarya yo, yo tout afekte nan ensandi a. Dwayen Louissaint ki pa vle kwè se yon evantyèl chòk elektrik ki ta alabaz ensandi a, deklare pat jamè genyen elektrisite ni avan dife e ni apwè dife.

Malgre dega materyèl yo tankou yon latriye òdinatè, aparèy fotokopi, biwo pou nou site sa yo sèlman, Dwayen Louissaint bay garanti ke aktivite operasyonel FAMV pap kanpe nan wout.

Comments are closed.