Meri Senlwidinò a demare yon kanpay travay pou debleye vil la.

624

07-27-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Mèri komin Senlwidinò a, antame yon atelye travay pou debleye vil la, ki tap soufri ak tout kalite salte ak pwoblèm drenaj.

Enspektè Jeanrenel Elidieu Cherelus deklare ke yo te demare ak konbit travay sila a depi mèkredi 12 jiyè a, ak fèb mwayen yo genyen. Yo mete egalman anfaz sou patisipasyon kèk enstitisyon ak anpil sitwayen nan popilasyon an ki jije travay la enpòtan pou anpeche moun viktim nan sezon siklòn kap vini la yo.

Nan sans sa, Lameri ap mande kontribisyon tout moun nan kominote Senlwidinò a, yon fason pou nan pou retire komin nan anba menas male pandye ki kapab koute lavi moun, sitou nan sezon siklonik lan.

Pitit Senlwi nan tout kwen nan monn lan, Lameri solisite patisipasyon nou, nan yon parèy sòlòkòtò ki vize sekirite ou pwoteksyon komin nan.

Comments are closed.