Sekretè jeneral FESTRED la mande pou abòne EDH yo konekte epi pote doleyans yo nan komèsyal branche Tigwav la.

07 – 10 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Sekretè jeneral sendika travayè EDH branch komèsyal Tigwav la, Carenand Joseph nan yon entèvansyon li fè nan laprès jounen vandredi 10 jiyè 2026 lan, mande abòne yo pote doleyans yo nan biwo EDH branch komèsyal Tigwav la, ki twouve li nan ri Senpòl yon fason pou teknisyen yo al rezoud pwoblèm koneksyon an sou rezo a; konsa, sa ap fasilite alimantasyon vil la nan peryòd fèt patwonal Nòtredam Tigwav la.
Mesye Carenand Joseph ki deklare malgre reparasyon yon seri teknisyen ki te soti nan kapital la arrive fè sou rezo a, yo pa kapab alimante vil la akoz kantribyab yo pa konekte sou rezo a. Kidonk, sa okazyone yon diminisyon konsiderab chaj pou fè motè yo mache.
Sekretè FESTRED la, Carenand Joseph plenyen anpil akoz gwo kamyon trailer yo li di kap fè ale retou sou waf Tigwav la; yon pwatik san fwa ni lwa kap sabote materyèl EDH nan divès ri vil la : tankou poto elektrik, tranfòmatè, fil wot tansyon, kontè elatriye.
Nan sans sa a, sekretè FESTRED la, Carenand Joseph ankouraje otorite nan lameri Tigwav la pou fè bwas nan pran bon jan mezi atravè chofè kamyon trailer yo, yon fason pou pwoteje materyèl EDH yo nan vil la Tigwav.






