Gwo chire pit ki genyen nan mitan moun kap gade zannimo ak moun kap travay latè nan peyi Nijerya lakòz gwo dega.

1,177

27 moun kap gade bèt pèdi lavi yo, san konte sa yo ki blese gravman grav, se bilan gwo chire pit nan peyi Nijerya.

01-25-2023

Nijerya____(TRiboLAND) 27 gadyen zannimo pèdi lavi yo, san konte yon latriye blese nan yon eksplozyon bonb, nan vilaj Rukubi andedan fwontyè ant Eta Nassarawa ak Benue dapwè RFI, jounen mèkredi 25 janvye 2023 a.

Enfòmasyon yo fè kwè depi plizyè semèn, moun kap gade zannimo yo ak sa kap travay latè yo mete rejyon sila tèt anba nan kase pari.

Gro sòlòkòtò sa yo ke otorite lokal yo pa arive kontrole, ekazyone plizyè moun mouri e lavi nan zòn nan parèt enposib anba zak vyolans yo.

Comments are closed.