Gwo tansyon chalè, kout zam ak barikad anflame sekwe kapital la jodi a

466

Pòtopwens___(TRibOLAND) Gwo tansyon chalè jodi 7 jwiyèa nan kapital ayisyènn nan alòske bakikad anflame tap moute byen wo nan divès katye, notamman sou Delma 6, 4 ak 2. Divès detonasyon kout zam tap chante pasi pala.

Akote yon parèy mouvman, yon group sitwayen tap manifeste kont dekrè santi kri sou nouvo kod penal la ki ta soti pou propaje ak lisansye aktivite madoda ak frote moustache anndan peyi.

Sa pat rete la sèlman, yon lòt mouvman pwotestasyon tap taye banda tou sou wout nasyonal nimewo 2 a, egzakteman nan zònn Martissant kote ke endividi te drese bakikad e paralyze trafik ki pou fasilite antre 5 depatman nan kapital la. Yon mouvman ki te reyini plizyè nèg ame gagoule ki danse kole ak mouvman G9 e ki tap proteste egalman kont dekrè po bannann Jovenel Moise la ak barikad otorite yo plase sou Bisantnè a.

Comments are closed.