Popilasyon Senlwidinò a ap mande eske Lise Jean Marie Lamenais ap fonksyone pou lane a.

120
2
Share:
TRiboLAND

09 – 18 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon bon majorite nan popilasyon Senlwidinò a, deklare ke yo pa wè preparasyon ki fèt pou resevwa timoun yo nan ral kote yo te loje lise Jean Marie Lamenais a pou ane akademik 2024-2025 lan.

Yon lise ki ankonstriksyon depi dig dantan, jiskoulya se nan ral kite konstwi pou mache kominal la enstitisyon an loje. Pa menm gen netwayaj ki fèt andedan ral la, pou ta di genyen yon rapouswiv travay konstriksyon yo.

Lajan pou konstriksyon lise a, ta sanble pase nan men gagotè ONG; alòske etidyan yo ap resevwa moso pen lenstriksyon an nan pak salte anba je otorite sangwen. Konsa, popilasyon an mande responsab yo nan ministè edikasyon nasyonal pou kontinye konstriksyon an, yon fason pou ti inosan yo kapab benefisye yon ti lòsyè pwòpte.

Popilasyon an mande direktè depatmantal Nòdwès la pou di yon mo fas ak yon parèy sitiyasyon ki riske lage antre lekòl etidyan Lise Jean Marie Lamenais yo sou pil fatra.

Share:

2 comments

Leave a reply