Arestasyon yon enspektè polis ki ta genyen kòkòday avèk gang nan yon seri anlèvman

07/10/2026
Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon operasyon tranble janm nan Pèleren 5, komin Petyonvil, chef lòd yo arrive poze lapat sou yon konfrè yo ki ta nan danse kole ak gang kap komèt zak anlèvman, daprè yon kominike ki soti nan Direksyon Kominikasyon Polis la (DICOP).
Sou sa ki genyen pou wè avèk operasyon lapolis la, kèk detay endike ke li te byen planifye e konplètman konfidansyèl. Enfòmasyon yo te vle fè kwè ke chef lòd yo arrive demantle yon nich gang ki tap opera nan detounman, sekestrasyon, ak zak kase kay nan kapital la, Pòtopwens.
Daprè sa ke responsab lapilsi yo fè konnen, ankèt bò kote Direksyon santral polis jidisyè avèk konplisite Bwigad rechèch entèvansyon (BRI) ki fè yo arrive pwosede ak arestasyon polisye Rubenson Elce jounen madi 30 jen 2026 la. Pwezime gang lan, soti nan 18èm pwomosyon PNH la, pwojektè ke li te genyen sou li, ta endike li te genyen kòkòday ou aktivite reselè avèk gang kriminèl.
Antouka, pandan polisye Elce ap reflechi dèyè bawo, lapolis pa sispann trese lèl nan miltipliye envèstigasyon ki kapab ede yo idantifye plis zago loray ki ta merite enskri nan pwogram bwa kale a.





