Konkou Kesye-Peyè a demare Pòdpe, 11 sou 33 kandida patisipe nan premye tès evalyasyon yo

06/17/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan lide pou ranpli yon vid administratif enpòtan nan Lameri Pòdpè, yon konkou rekritman pou pòs Kasye-Payè a te òganize maten lendi sa a, nan lokal Delegasyon Depatmantal Nòdwès la. Egzamen an fèt pou chwazi yon nouvo responsab ki pral okipe jesyon finansye enstitisyon an apre lanmò ansyen titilè pòs la, Jean Restil Otandieu.
Dapre enfòmasyon ki disponib yo, anviwon 33 kandida te soumèt dosye yo pou patisipe nan pwosesis sila. Sepandan, apre yon faz triyaj ki te fèt sou baz kritè administratif ak pwofesyonèl yo, sèlman 11 kandida te rive kalifye pou pran pati nan konkou final la, men se 9 ki te prezan. Seleksyon sa a montre volonte responsab yo pou asire yon rekritman ki baze sou merit ak konpetans. Premye faz la fini, kandida ki retni yo pral pase nan faz entèvyou
Se kontwòlè Finansye a, Rolph Saint Louis ki gen responsablite pou dirije ak òganize egzamen sila yo pou kont Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT). Otorite yo fè konnen demach sa a gen yon karaktè ijan, paske li vize pèmèt sèvis finansye Lameri Pòdpe a rekòmanse fonksyone nòmalman, pandan y’ap garanti plis transparans ak efikasite nan jesyon resous piblik yo.






