Komemorasyon 89 lane egzistans Lise Tertullien Guillaud nan Pòdpè

214

02/23/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Se jounen madi 23 fevriye 2021 sa ke Lise Tertullien Guilbaud nan Pòdpè selebre 89 lane egzistans li.

Nan okazyon an, yon gwo seremoni relijye pou di Senyè a mèsi, te rive dewoule nan lokal LTG a menm, anprezans elèv, pwofesè, paran, ansyen elèv ki te soti toupatou, pou n site sa yo sèlman.

Prensipal selebran an, yon evanjelis, yon elèv LTG a menm e k’ap fè Nouvo Segondè IV (klas filo), Lazarre Kervens. Nan mesaj sikonstsans lan, te adrese l dirèteman ak elèv parèy li yo, paran ak pwofesè yo.

Selon evanjelis Lazarre, paran yo pa gen oken kontwòl sou timoun yo e se youn nan rezon ki lakoz anpil timoun fè sa yo pito e ki konn fè yo tonbe nan tout kalite vye zak tankou: kidnapping, fimen dwòg e latriye.
Li ale pi lwen e deklare ke pwofesè yo se gramoun yo, e se yo ki ranplase paran yo nan sal klas yo. Etidyan yo dwe bayo respè, ankadre yo answit valorize yo selon Kervens ki t ap depoze. Kanta pwofesè yo, Lazarre ankouraje yo pou pran swen etidyan yo; ba yo bonjan fòmasyon nesesè. Pou Lazarre, se elèv yo menm ki pral ranplase yo pi devan.

Direktè Lise a, pwofesè Pierre Marc-Antoine, li menm tou te fè ti bat bouch ak pwofesè yo sitou sa yo ki toujou retadatè. Li mande yo pran travay la oserye, paske Leta peye yo pou yo vin bay timoun yo pen lenstriksyon. Li enpòtan pou yo akonpanye elèv yo si yo vle vrèman timoun sa yo devni sitwayen responsab demen. Direktè Marc-Antoine pat mete dlo nan bouch li pou kritike sèten pwofesè anndan LTG a ki refize remèt kopi relve nòt elèv yo. Sa rann elèv pa gen aksè ak kanè eskolè alòske yo fini konpoze depi mwa desanm dènye.

Sèmon evanjelis Lazarre Kervens nan pat kite moun endiferan. Predikatè a swete wè Ministè Lakilti ak Kominikasyon gen je louvri sou diferan mizik (rabòday) sèten atis anndan sosyete ayisyèn nan ap pwopaje. Se yon mizik sisinaj ak devègonde k ap pouri jenès la. Nan sans sa a, evanjelis la mande pou Ministè Edikasyon Nasyonal pran responsablite l yon mannyè pou rive sove jenès la atravè chante devègonday yo ka miltipliye nan milye jènn yo.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.