Direktè depatmantal edikasyon nasyonal Grandans lan, pwofesè Newton Germain mande pwofesè yo pou pwan chimen etablisman eskolè piblik yo.

211
0
Share:
TRiboLAND

09 – 09 – 2026

Grandans- Ayiti (TRiboLAND) Malgre te genyen lansman ofsyèl kite fèt jou 07 septanm 2026 lan pou ouvèti lekòl lan nan Grandans, konsta yo montre ke okenn pwofesè lekòl piblik pa mete pwent pye yo nan etablisman piblik yo atravè katoz komin depatman Grandans lan.

Fas ak konpòtman tradisyonèl ou boykotaj pwofesè lekòl piblik yo nan depatman Grandans lan, direktè depatmantal edikasyon an Newton Germain egzije pwofesyonèl anseyan yo pou pwan konsyans antanke pwofesyonèl ki ale lekòl pou anseye , respekte sèman yo te fè pou sèvi kominote yo nan respè ak dinyite.

Konsa, direktè depatmantal Germain ansanm ak kèk manm nan popilasyon an nan Grandans, di li pa nòmal pou pwofesè yo kap touche lajan task sitwayen, sitwayènn yo chak mwa, poutan pran yon malen plezi mèt dam pou pa ale fè lekòl nan lekòl leta yo. Tandiske yo prezan nan etablisman lekòl prive yo pou fè kou yo.

Pou direktè Depatmantal la ak yon ansanm ak lòt sitwayen, aksyon sa yo pa kadre ak lwa peyi Dayiti; yo mande mesye dam anseyan aysyen yo, fè prèv pwofesyonalis pou al bay timoun malere ou malerèz yo ti moso pen lenstriksyon.

Share:

Leave a reply