Yon gwoup moun nan komin Wozo pwoteste desizyon majistra yo pwan pou takse komyon materyo yo.

120
0
Share:
TRiboLAND

06 – 17 – 2026

Wozo, Ayiti____(TRiboLAND) Yon gwoup moun nan komin Wozo kouche an kwa kont desizyon ajan ekzekitif enterimè yo nan komin Wozo pwan pou fè chak kamyon kap vinn achete gravye sab peye yo yon task; daprè kontestatè yo, ajan ekzekitif enterimè sa yo pa genyen lejitimite popilè pou yo ap ranmase lajan leta pou regle pwòp zafe pèsonèl yo.

Ansanm pwotestatè yo konpoze yon gwoup jenn gason ak jenn fanm k’ap eksplwàte sab ak gravye pou vann ak chofè. Bò kote pa yo, pwopriyetè kamyon yo nan Wozo, deklare depi plizyè jou yo bloke e tchotcho pa antre nan pòch yo akòz desizyon mesken ajan ekzekitif enterimè Olin Jean Richard ak Jeanty Brière pwan pou mete pòs peyaj nan komin lan.

An reaksyon, yon gwoup moun kraze lokal meri Wozo a e yo menase pou dechouke biznis prezidan komisyon kominal enterimè komin Wozo a, Jean Olin Richard yo di ki te deja ekri lèt demisyon l bay ministè entreryè ak kolektivite teritoryal. Konsa, pwotestatè yo estime ke Richard pa genyen plas li nan tèt konsèy administrasyon kominal komin Wozo a. Kidonk, yo mande tout chofè kamyon ak pwopriyetè kamyon ki abitye achete materyo nan Plèn Gomye ak Wozo pou repwann aktivite sab ak gravye yo, yon seri pwatik ilegal pou anpil moun k’ap fini ak anviwonman an. ‎

Share:

Leave a reply