4 Pastè jwenn arestasyon yo nan refize respekte konsiyn sekirite kowonaviris la

0 395

Pòtopwens___(TRiboLAND) Lapolis nasyonal detèmine pou fè respekte nòm ou konsiyn ke gouvenman ayisyen etabli pou evite pwopagasyon kowonaviris la. Se konsa, jodi Dimanch 22 Mas 2020 an, 4 Pastè jwenn arestasyon yo pami yo ou jwenn reveran Edrice Macénat kap dirije Mission de la Première Eglise de Dieu Indépendante.

Fòs lòd yo fouke lidè eklezyastik sa yo pa makònn e akize yo dèske yo pase anba pye dispozisyon gouvènman an pou sere boulon kovit-19 la yon fason pou li pa pete plafon.

Youn nan pastè yo ki te jwenn arestasyon l nan site Kanada nan Tijo te retrouve l nan gad avu nan komisarya Pòtopwens; tandiske lòt twa reveran yo retrouve yo egalman nan gad avu komisarya Petyonvil.

Akote sa, plizyè lòt legliz pat jwenn difikilte pou reyini; yo pa deside bese paviyon malgre anons chèf deta a ki fè apèl a kolaborasyon tout sitwayen yon fason pou pa kite kowonaviris la pran jarèt. Sepandan, ajan PNH yo mobilize e detèmine pou fè respekte konsiyn sekirite sanitè yo poubyen tout sitwayen.

Leave A Reply