Lapolis nan Wanament fouke Pastè Arsenio Jimenez aprè plizyè ane nan mawon pou dosye vyòl sou ti lèzanj

05/11/2026
Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal Dayiti atravè ajan POLIFRONT yo arete Pastè Arsenio JIMENEZ jodi dimanch 10 me 2026 la nan zòn Wanament, pandan li t’ap antre soti Dajabon nan Repiblik Dominikèn. Daprè enfòmasyon jounalis Guiomètre Widlin bay, pastè a te soti preche nan yon legliz kretyèn ki anba Gaya lè otorite yo te mete men sou li. Pastè Arsenio t’ap viv nan mawon depi plizyè ane aprè lajistis te pouswiv li nan yon dosye vyòl sou yon minè.
Selon dosye jidisyè a, jij enstriksyon Magarette Georges TOUSSAINT te rann yon òdonans nan dat 30 oktòb 2021 ki te voye Pastè Arsenio JIMENEZ devan tribinal kriminèl san asistans jiri pou reponn kesson sou akizasyon vyòl sou minè ki ta fèt depi lane 2019. Depi aprè desizyon sa a, responsab relijye a pa t konn parèt piblikman e li te oblije pran wout mawon pou evite lajistis.
Malgre egzistans òdonans sa a, enfòmasyon yo fè konnen Dwayen Tribinal Premye Enstans Fòlibète a, Louiçius BRENORD, te deja bay Pastè Arsenio yon sòf kondwi ki te mande pou okenn otorite pa arete li. Sitiyasyon sa a soulve anpil kesyon nan mitan popilasyon an sou fason sistèm jidisyè a ap fonksyone ak sou kestyon pwoteksyon kèk moun ki anba akizasyon grav.






