Yon group ajan BSAP simaye yon lapli kout zàm sou komisarya polis komin Wanament lan

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Gro tansyon tranble janm sekwe vil Wanament pendan weekend nan. Konsa, annafè pa dòmi di! Yon group ajan Bureau de Surveillance des Aires Protégées (BSAP) arive ouvè yon lapli kout zàm anndan komisarya polis komin Wanament lan, pou reklame liberasyon kòlèg yo ke responsab PNH yo te arete nan kad yon manda kabinè enstriksyon.
Katchouboumbe sila ki te kreye gro panik tranble janm, te atire kiyozite sitwayen rejyonal yo ki te bezwen konnen ki sa bagay la ye. Anpil kout zàm san mèsi te louvri sou polisye ak sivil ki te prezan; sepandan, enfo yo fè konnen pat genyen ni blese, ni moun ki te bwat chat nan moman atak sila, ki yon lòt fwa ankò raple frajilite ensekirite a nan kad dife volan ki toujou mete ajan BSAP ak PNH fas afas.






