Yon bwakè pòtopwensyen manke jwen bouchon li nan vil Wanament

01/15/2022
Wanament______ (TRiboLAND) Lafontant Kavens, se yon pwezume bwakè 24 lane ki manke pase alenfinitif anba men pèp vijilan nan komin Wanament, ri Libète zòn Ba Gaya, jounen samdi 15 janvye 2022.
Kavens ki ta sanble abitye soti Pòtopwens pou vin poze aksyon malfektè nan vil la, t’al fè bwakaj ak yon wouzi nan yon mezon transfè. Devèn pou Kavens, fwà sa farin nan pa vini nan menm sak. Pèp souvren arive metrize li anba anpil sakad pataswèl ki retire pwemye nanm eskanmòtè a.
Yo pa egzekite Kavens, sepandan popilasyon an remèt li bay lapolis atravè tribinal depè, dapwè sa media lokal yo rapòte. Li temwanye ke li abitye opera nan komin Wanament. Kesyone sou zàm dezagreman ki nan menm l lan, pwezume bandi Kavens deklare ke se vòlò li vòlò lakay yon zanmi li ki rele Luckson alyas “Ti Charonj” nan Village de Dieu nan kapital la.
Nan jou sa yo, anpil biznis ap fè fas kare ak fenomèn ensekirite a; patikilyèman nan moman blackout kap taye banda chak swà; yon fènwà ki blayi kò l depi kòmansman ane 2022 a.






