Dràm Wanament : yon dal beton tonbe e plizyè moun ta mouri nan Kafou Limenna

549
0
Share:
TRiboLAND

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon dal beton yon kay ki te an konstwiksyon tonbe sou plizyè travayè nan Kafou Limennan, nan komin Wanamèt, daprè plizyè sous medyatik lokal, jodi madi premye jiyè 2025 lan.

Selon info yo, dal la sot tonbe nan moman santye a te pran chè, alòske mekanism yo te anplas pou demaraj pwosesis betonaj la; se konsa, sipò trepye yo ta afebli anba kapasite beton an, ki kandele desann sou plizyè malere travayè. Nan plizyè videyo kap layite sou rezo sosyàl yo, moun te kapab remake demach sekouris yo tap miltipliye pou retire anba dekonb, plizyè viktim.

Dràm sila, lakoz yo ta retire yon total 5 moun, alòske 2 nan yo te arive mouri san bat. Operasyon yo ki te kontinye rapouswiv, te oblije polisye te pran kontwòl espas la pou fasilite envestigasyon legal yo ak proteksyon anviwonnmantal.

Pou anpil moun, yon parèy dràm mete an kesyon regilasyon ak nòm ki reji bon fonksyonman konstwiksyon kay nan peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply