Sidès : Otorite edikatif yo lanse kenzèn drapo a nan Lise Célie Lamour Jakmèl

25
0
Share:
TRiboLAND

05/11/2026

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kad aktivite kenzèn drapo Ministè Nasyonal Edikasyon ak Fòmasyon Pwofesyonèl òganize atravè peyi a, direktè depatmantal edikasyon Sidès la, Mascary Levêque, ansanm ak kowòdonatè enspektè yo, Unik Thibaud, prezan jodi lendi 11 me 2026 la nan Lycée Célie Lamour ki trouve l nan Jakmèl pou patisipe nan seremoni monte drapo a. Aktivite sa a make lansman ofisyèl kenzèn drapo a nan depatman an.

Pandan entèvansyon li, direktè Mascary Levêque te mete aksan sou enpòtans valè sivik yo, lanmou pou peyi a ak nesesite pou sitwayen yo pwoteje anviwònman an. Li ankouraje elèv yo devlope lespri patriyotik epi kontinye respekte senbòl nasyonal yo, sitou drapo ayisyen an ki reprezante fyète ak inite pèp la.

Yon lòt bò, direktris lekòl la, Marie Gabrielle Confident, te remèsye responsab edikasyon yo pou vizit sa a. Li fè konnen seremoni monte drapo a toujou fèt chak maten nan lekòl la kòm yon fason pou ankadre elèv yo nan disiplin, respè ak lanmou pou peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply