Lapolis nan depatman Sidès, nan yon operasyon yo mennen, anonse arestasyon 83 prezime kriminèl.

96
0
Share:
TRiboLAND

05 – 11 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) 83 prezime bandi jwen arestasyon yo nan dat 20 pou rive 26 avril pase a, nan divès lokalite pami yo Segin twouve li nan komin Marigot depatman Sidès peyi Dayiti. Nan kad yon seri operasyon lapolis mennen.

Fòs lòd yo fè konnen, yo sezi plizyè fizi ak yon bon valè bal. Dapwè yo, seri entèvansyon sa yo fèt, nan kad lit y’ap mennen kont ensekirite bandi sangwen ame ap pwopaje anndan peyi a.

Toutfwa DDSE anonse, y’ap kontinye ak aksyon yo, nan lide pou ranfòse sekirite pandan y’ap kontinye trake bandi yo ki enplike nan yon seri aktivite kriminèl nan depatman sidès la.

Share:

Leave a reply