Alatèt Direksyon Polis Fontalyè a vizite vil Wanament

2,904

12/27/2021

Wanament______(TRiboLAND) Rejyon Nòdès peyi Dayiti, patikilyèman vil Wanament resevwà vizit direktè Polis Fontalyè a, Komisè Divizyonè Jackson Hilaire.

Jackson Hilaire ki tap  adrese l ak polisye nan blòk Mòn Kas nan Wanament, patikilyèman sou entegrite-onè-lwàyote, valè POLIFRONT lan ak imaj li nan zye piblik la. Li tap felisite travay polisye yo e remèt nan non Direktè Jeneral Polis la, Frantz Elbé, 4 lèt felisitasyon ak ankourajman bay plizyè polisye tankou : Odson Tade, Peterson Laforest, Jeff Anorable ak Junior René ki pwouve kapasite pwofesyonèl yon nan kò polis la.

Nap raple, komisè Hilaire te genyen egalman okazyon pou te genyen lapawoli ansanm ak Kolonèl dominiken Juan Adames ki responsabilize Kò espesyalize CESFRONT kap sekirize zòn fontalyè tèrès nan pwovens Dajabon apwè ke li te fin vizite Direktè Dwann Wanament lan nan Biwo Imigrasyon an.

Comments are closed.