Ki je chèch sa! KPT a egzije PM Alix mobilize lajistis kont tout annafè ki tonbe anba sanksyon kominote entènasyonal la

645
0
Share:
TRiboLAND

Konsèy prezidansyèl tranzisyon an renouvle volonte li fas ak PM Alix Didier Fils-Aimé nan objektif pou fòse lajistis rapouswiv tout anafè ki tonbe anba sanksyon kominote entènasyonal.

Konsa, KPT a fè konnen demach sa yo antre nan kad pou garanti respè pou yon seri latriye angajman entènasyonal ke Ayiti te sinye pou konbat kòripsyon ou dwèt long san bliye lavaj lajan.

Fritz Alphonse Jean, ki se alatèt KPT a, soulinye ke PM Fils- Aimé dwe san pèdi tan, voye yon rapò byen founi sou tout anafè ke kominote entènasyonal la te sanksyone. Anpil moun estime ke KPT a pa koeran nan yon parèy demach, lè ou konnen enstitisyon krizokal sila ki dekriye e kap naje nan kòripsyon pa genyen ase moralite pou pouswiv sa yo ki toujou ap flannen sou beton an.

Antouka, avan ou lonje dwàt jouda sou lòt moun, kòmanse netwaye ou retire salte anndan lakay ou avan tout bagay. KPT a ta dwe pote tèt li bay lajistis avan! Genyen lòt moun ki estime se devyasyon KPT ap fè, yon fason pou chanje naratif kòripsyon ou gro magogo manm KPT a bay tèt li nan objektif pou apovri Leta e kokoratize tout sitwayen anndan peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply