Kòdinasyon pitit Dessalines nan komin Senlwidinò voye senpati yo bay tout fanmiy viktim katastwòf 13 avril la

04/17/2026
Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès, kòdinasyon Pitit Dessalines nan komin Senlwidinò voye senpati yo bay tout fanmiy ki viktim dènye entanperi ki sot fèt sou tout komin nan.
Sila yo ki pèdi lavi yo, kote gen 5 moun ki mouri, ti machann yo ki pèdi tout sa yo te posede, gwo komèsan yo dlo anvayi depo yo; tout sa se enkonsekans leta ayisyen ak otorite lokal yo.
Kòdinasyon Pitit Dessalines vove senpatil ak solidarite yo bay tout moun anndan komin nan. Yo pwofite okazyon an pou mande ULCC rapò lèt kote nou te mande pou fè swivi sou 4 milyon goud grabyonaj rivyè Senlwi a . Pou anpil moun, yo estime ke popilasyon an lage pou kò yo.
Kòdinasyon Pitit Dessalines nan komin Senlwidinò, fè apèl ak tout sektè nan komin nan pou mete tèt yo ansanm paske se nou menm kap dirije tèt nou; se nou ki dwe pran destinasyon nou kòm pèp konsekan.
Yon lòt kote, kòdinasyon an mande Fim kap konstwi pon yo, ki sa ki bloke chantye yod epi yon bon bout tan. Yo bay yon delè 22 jou pou yo bay esplikasyon sou koz ki pèmèt chantye yo kanpe.






