Mouvman pwotesyasyon yo pa sispan nan Jakmèl akoz lanmò yon militan

1,385

09-22-2022

Jakmèl, Ayiti _____ (TRiboLAND) Mouvman Pwotesyasyon yo kontinye nan vil Jakmèl jodi jedi 22 septanm 2022 a. Kawotchou ap boule, anpil ajitasyon aprè midi jedi 22 septanm lan vè 5è nan aprè midi.

Leve kanpe sa fèt, aprè lanmò Sony Jacques ki te pran bal anba men Lapolis yè mèkredi a, nan kad mobilizasyon ki tap fèt pou dechouke gouvènman defakto PHTK Ariel Henry a.

Anpil kawotchou tap boule sou Avni Barranquilla an solidarite ak viktim nan.

Comments are closed.